top of page
Istwa-lakay-logo

Istwa Lakay

Istwa ki gen pelz, imajinasyon, ak kilti pou timoun yo

 Istwa, pwezi ak atik ki eksplore lavi, idantite, and verite

Li Istwa ki pran rasin nan Kilti Ayisyen

Istwa ki pote memwa, kilti, ak vwa jenerasyon an jenerasyon

Lang nou. Istwa nou. Fòs nou

Platfòm sa a se yon espas lekti dijital an kreyòl, pou timoun ak granmoun. Li fèt pou mete lang nou ak kilti ayisyen nan sant literati a.

Depi mwen piti, mwen te toujou anvi li istwa ki ekri an kreyòl; istwa mwen ka wè tèt mwen ladan yo. Men twò souvan, literati ayisyen inyore lang pa nou. Sa dwe chanje.

Se pou sa mwen kreye de espas:
Lakou Timoun, pou timoun grandi ak kreyòl atravè istwa ak jwèt yo.
Lakou Granmoun (15+), pou lektè plonje nan seri, pwezi, liv ak atik sou kilti nou.

Misyon an klè: bay jenerasyon k ap vini yo sa mwen pa t genyen, epi bati yon espas pou literati an kreyòl.

Kreyòl pa la pou li rete dèyè. Li la pou li pran plas li.

bottom of page